Jwenn yon Avoka nan
Sèvis Rekòmandasyon Avoka (Lawyer Referral Service, LRS) Bawo Florida a fèt pou fè sa fasil pou konsomatè yo pran kontak ak avoka ki verifye.
Cómo funciona
- Póngase en contacto con nosotros: Describa brevemente su situación legal y proporciónenos una forma de contactarlo.
- Reciba una notificación: Encuentre en cuestión un abogado que se adapte a sus necesidades y su ubicación.
- Contacte al abogado: Trabaje con un abogado para resolver su asunto legal.
Enfòmasyon sou Sèvis Rekòmandasyon Bawo Florida a
Sèvis Rekòmandasyon Avoka Bawo Florida a ak sèvis rekòmandasyon avoka asosyasyon bawo rejyonal yo fè sa fasil pou yon konsomatè kontakte yon avoka. Asosyasyon bawo rejyonal yo ap administre 10 sèvis rekòmandasyon, k ap fonksyone nan gran vil Florida yo. Bawo Florida a ap okipe tout lòt rekòmandasyon yo nan zòn ki pa gen sèvis rejyonal.
Sèvis Rekòmandasyon Avoka Bawo Florida a se yon sèvis ki pa gen bi fè lajan ki egziste depi 1972. Sèvis Rekòmandasyon Avoka a se youn nan sèvis rekòmandasyon nan zafè jidisyè ki pi ansyen, pi gran ak pi respekte nan Florida e li ka voye ou al wè yon avoka ki gen pèmi egzèse ak eksperyans nan domèn dwa ki gen pou wè ak pwoblèm ou genyen nan kad lajistis la.
Pandan w ap soumèt demann ou an pou èd nan men avoka, nou egzije pou w bay kèk enfòmasyon debaz sou oumenm ak sou dosye w la. Se pou fichye nou yo sèlman. Ou p ap resevwa lòt korespondans nan men nou epi nou p ap janm bay lòt òganizasyon enfòmasyon sou ou.
Lè ou rankontre ak yon avoka, detèmine ansanm avèk li sa li ka fè pou ou epi fè chita pale sou frè ou pral peye yo. Si ou anboche avoka a, ou ka sèvi ak sèvis li yo pou lòt zafè ki gen pou wè ak lajistis san ou pa kontakte nou. Ou gen dwa jwenn yon avoka pou lavi gras a premye rekòmandasyon nou an. Si avoka w la pa ka okipe yon lòt pwoblèm pi devan, ou ka itilize sèvis nou an pou yon lòt rekòmandasyon/konsiltasyon.
Kòmantè sou Sèvis Rekòmandasyon Avoka a
Sèvi ak fòmilè Kòmantè sou Sèvis Rekòmandasyon Avoka a pou fè kòmantè oswa pou di sa k ap trakase ou konsènan fonksyònman Sèvis Rekòmandasyon Avoka Bawo Florida a sèlman.
- Pou mande yo rekòmande ou yon avoka, ale sou sit entènèt LRS la.
- Si ou gen yon bagay k ap trakase ou oswa si ou vle pote plent kont yon avoka, tanpri kontakte Pwogram Asistans pou Avoka/Konsomatè a (Attorney/Consumer Assistance Program) pou konnen ki opsyon ou genyen.