The Florida Bar

Kesyon yo Poze Souvan sou LRS la

Kesyon Yo Poze Souvan sou Sèvis Rekòmandasyon Avoka a

 (Lawyer Referral Service, LRS)

Kisa Sèvis Rekòmandasyon Avoka a ye?

Sèvis Rekòmandasyon Avoka Bawo Florida a fè kliyan posib yo rekòmandasyon pou avoka. Pèsonèl la nan sèvis rekòmandasyon avoka a pral fè moun k ap chèche avoka jwenn avoka ki gen eksperyans nan domèn dwa ki apwopriye a. Apre sa w ap wè avoka a pou yon premye konsiltasyon oswa pale avèk avoka a nan telefòn.

Mwen bezwen yon avoka. Ki kote pou mwen kòmanse?

Si ou gen pwoblèm oswa bezwen ki nan kad lajistis, kontakte nou. N ap ede ou jwenn yon avoka oswa lòt resous ki pi byen ale avèk bezwen ou genyen yo nan kad lajistis ak mwayen ou pou peye.

  • Nan telefòn: 800-342-8011, lendi pou vandredi, 8:00 a.m. jiska 5:30 p.m. Sèvis nan telefòn nan fèmen nan jou ferye. Se habla Español.
  • Sou entènèt, nenpòt lè 

Mwen bezwen pwograme yon rankont avèk yon avoka jodi a. Èske sa posib?

Pèsonèl Sèvis Rekòmandasyon Avoka nou an ap ba ou non yon avoka ou ka kontakte menm jou a. Prèske tout avoka yo ak manm pèsonèl soutyen an ap triye apèl yo davans pou sèten pa gen konfli. Si avoka a disponib li ka pwograme yon rankont nan menm jou a.

Èske nou ofri avoka pro bono?

Pwogram nan pa gen avoka pro bono, men, li posib pou nou rekòmande ou yon òganizasyon asistans jidisyè ki gen dwa kapab ede ou.

Èske nou ka ban mwen konsèy nan zafè lalwa?

Se avoka yo sèlman ki gen otorizasyon bay konsèy nan zafè lalwa. Pèsonèl Sèvis Rekòmandasyon Avoka nou an se pa avoka e yo pa ka bay konsèy nan zafè lalwa.

Kijan pou mwen fè konnen si avoka LRS nou yo kalifye?

Chak avoka ki nan Sèvis Rekòmansayon Avoka a sibi yon ankèt apwofondi nan men pèsonèl la anvan yo aksepte li nan yon lis rekòmandasyon. Pèsonèl la verifye chak avoka se yon Manm An Règ ki pa gen okenn plent rezon sifizan kont li, epi yo tout dwe genyen yon asirans responsabilite pwofesyonèl $100,000 anvan pou yo kòmanse resevwa rekòmandasyon.

Ki chans ki genyen pou yon avoka LRS aksepte dosye mwen an?

Se sèl yon avoka ki ka di ou si ou gen yon dosye valab e si li dispoze okipe dosye a pou ou. Pèsonèl Sèvis Rekòmandasyon Avoka a pa ka detèmine sa pou ou.

N ap rekòmande ou yon avoka oswa yon ajans ki pi byen ale ak pwoblèm ou genyen nan kad lajistis la. Lè ou kontakte avoka a pou konsiltasyon an, avoka a ap evalye dosye w la epi l ap detèmine si li ka aksepte dosye w la. L ap fè ou konnen ki mezi li dwe pran ak pri sèvis li yo.

Konbyen sa koute epi kijan m ap peye?

Se sèl yon avoka ki ka di ou si ou gen yon dosye valab e si li dispoze okipe dosye a pou ou. Pèsonèl Sèvis Rekòmandasyon Avoka a pa ka detèmine sa pou ou.

N ap rekòmande ou yon avoka oswa yon ajans ki pi byen ale ak pwoblèm ou genyen nan kad lajistis la. Lè ou kontakte avoka a pou konsiltasyon an, avoka a ap evalye dosye w la epi l ap detèmine si li ka aksepte dosye w la. L ap fè ou konnen ki mezi li dwe pran ak pri sèvis li yo.

Èske avoka a ap toupre kote mwen rete a?

N ap eseye mete ou an kontak avèk yon avoka ki toupre kote ou rete a. Men, gen ka kote nou pa gen okenn avoka nan zòn nan epi w ap gen pou deplase pou ale nan kabinè li yo.

E si mwen bezwen yon avoka nan yon lòt konte oswa yon lòt eta?

Sèvis Rekòmandasyon Avoka Bawo Florida a ofri rekòmandasyon pou 47 nan 67 konte ki genyen yo nan Florida.

Pou jwenn yon avoka nan yon konte sèvis nou an pa kouvri, tanpri gade Zòn Kouvèti nou an.

Si ou bezwen yon avoka deyò Florida, ale sou Ànyè Nasyonal ABA a pou yon sous rekòmandasyon nan zòn sa a.

Èske enfòmasyon mwen bay yo ap rete konfidansyèl?

Lè ou kontakte Sèvis Rekòmandasyon Avoka Bawo Florida a, pèsonèl nou an ap pran enfòmasyon ou yo pou evalye sa ou bezwen nan kad lajistis epi l ap rekòmande ou yon avoka ki apwopriye oswa voye ou nan yon gwoup kominotè ki gen dwa kapab ede ou ak bezwen ou genyen yo nan kad lajistis. Si nou detèmine ou bezwen nou rekòmande ou yon avoka, n ap alète avoka sa a pou fè li konnen nou rekòmande li ba ou epi n ap ba li enfòmasyon ou yo. Nou pa bay ni lòt moun ni lòt antite k ap fè reklam okenn enfòmasyon pèsonèl.

Sonje, Florida gen lwa ki laj anpil sou zafè dosye piblik. Gen anpil nan kominikasyon ekri ki ale jwenn oswa ki soti nan Bawo Florida a ki gen dwa konsidere kòm dosye piblik, ki dwe disponib pou nenpòt moun ki mande yo.

Kijan pou mwen pare pou premye rankont mwen an avèk yon avoka?

Plis ou pare, mwens sa ap pran avoka a tan pou li konprann ak ede ou rezoud pwoblèm ou genyen ki nan kad lajistis la. Sa ta ka fè ou ekonomize lajan.

  • Òganize tèt ou. Prepare yon kontrandi ekri oswa nòt detaye ki dekri pwoblèm oswa kesyon ou genyen yo ki nan kad lajistis. Avoka a dwe konn tout detay yo pou li deside sa ki enpòtan pou dosye w la.
  • Ou dwe onèt. Li enpòtan anpil pou w fè yon kontrandi onèt pwoblèm ou an, sa gen ladan l enfòmasyon ki gen dwa favorab oubyen defavorab. Se sèlman si ou konplètman sensè yon avoka ap kapab konseye ou kòmsadwa. Sonje gen règ estrik ki egzije yon avoka pou li kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl.
  • Pale de konbyen sa pral koute ou. Avoka w la ap pare pou li fè chita pale sou pri pandan premye rankont ou a. Ou dwe pare pou sa tou. Ou kapab e ou ta dwe negosye pri epi fè chita pale sou plan peman avèk avoka w la. Fè li mete akò nou an alekri epi kenbe yon kopi pou fichye pa ou. Pifò litij sou pri rive poutèt pa gen dokiman ekri sou akò a.

Èske mwen ka vini nan biwo LRS la pou pale avèk yon moun sou dosye mwen an?

Nou pa ofri sèvis an pèsonn. N ap mande ou pou w kontakte nou nan telefòn si ou bezwen sèvis pou kliyan endividyèlman.

Èske nou gen avoka ki pale panyòl?

Wi, nou gen avoka ki pale panyòl. Nou gen avoka ki pale lang sa yo tou: Arab, Bilga, Nelandè, Anglè, Fransè, Alman, Ebre, Italyen, Japonè, Mandaren, Pòtigè, Ris ak Oudou.

Logo for The Florida Bar Referral Service, which is green blue and light blue and includes the words "The Florida Bar Lawyer Referral Service," the Florida Bar seal, and the initials, "LRS"